FC Borgo anonse ofisyèlman arive ansyen gadyen entènasyonal ayisyen an, Johnny Placide, nan ekip edikatè kategori jèn klèb la pou sezon 2026-2027 la. Daprè yon piblikasyon sou kont Instagram klèb la, li pral mete eksperyans li ak konesans teknik ak taktik li nan sèvis jèn jwè yo.
FC Borgo fè konnen li pral akonpaye Johnny Placide tou nan pwosesis fòmasyon li pou jwenn diplòm BEF ak lòt sètifikasyon kòm antrenè.























