Pati KID fè konnen, jedi 3 septanm 2026 la, non sekretè jeneral li a, Dr Enold Joseph, ta enskri sou lis yon lòt pati politik ki pwòch pouvwa a san otorizasyon l. Pati a estime sa soti nan yon manipilasyon dosye elektoral yo. KID konsidere sitiyasyon an kòm yon zak ki pa akseptab epi li mande retrè imedya ansyen minis Defans lan nan pwosesis la, plis transparans nan preparasyon lis pati politik yo, sanksyon kont tout moun ki responsab yo ak ranfòsman mekanis kontwòl pou garanti entegrite pwosesis elektoral la.













