Yon gwo eksplozyon ki fèt nan yon sitèn gaz nan etasyon Gaz Nasyonal Odikap fè plizyè viktim, daprè premye enfòmasyon ki disponib. Yon premye bilan rapòte 2 moun mouri, pandan plizyè lòt blese nan ensidan an. Eksplozyon an te lakòz gwo mouvman panik nan zòn nan, pandan sekou yo t ap entèvni pou pran swen viktim yo. Pou moman an, kòz egzak eksplozyon an poko konnen. Enfòmasyon sou idantite moun ki mouri ak kantite egzak moun ki blese yo poko disponib.
Bilan an rete pwovizwa e li kapab evolye pandan otorite yo ap kontinye evalye konsekans ensidan an epi chèche detèmine sa ki te lakòz eksplozyon an.













