Dosye a tounen sou tab la ankò. Mèt Fritz Patterson Dorval ki se nouvo paketye a voye dosye a nan kabinè enstriksyon san l pa wete rapò DCPJ a. Rapò sa a klarifye Nenel kòm chèf gang e rapò a konfime misye te prezan kote yo te asasinen diplomat Jacques Pierre Matilus la nan Dèlma 40B.
N ap raple aprè liberasyon chèf bandi Nenel Cassy, KPT a te konvoke minis Jistis la paske dosye a te fè anpil bri.




















