Ayè lendi 4 desanm 2023 a, tout Enspektè ak polisye k ap bay fòmasyon anndan Akademi Polis la sou wout Frè a te pase tout jounen an san yo pa travay. Yo pran mezi sa a yon fason pou denonse zak ensekirite k ap grandi nan anviwonnman Lekòl Polis la. Dènye gout dlo ki ranvèse […]Lire plus...
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon anonse jodi lendi 4 desanm nan, yo dekouvri 6 643 ka sispèk de maladi deng e yo dekouvri 729 ka pozitif. Lwès ak Grandans gen plis ka maladi sa a kote youn aprè lòt yo jwenn 237 ak 127 ka maladi deng. Latibonit, yo resanse pi piti ka a ki […]Lire plus...
Micheline Dor, 22 lane resevwa 2 bal nan vajen l nan men chèf gang Savyen an ki se Lucson Élan. Daprè Bertide Horace ki se pòt vwa yon òganizasyon nan sosyete sivil Latibonit la, se paske Micheline pat vle zago loray ki rele Lucson nan kouche l. Dram sa a pase jedi 30 novanm 2023. […]Lire plus...
Direksyon Santral Polis Jidisyè libere ansyen chèf rebèl 2004 la aprè 3 jou yo te kenbe l, jounen samdi 2 desanm 2023 sa a. Guy Philippe pral rejwenn fanmi l ak alye politik li yo aprè plizyè lane li pase kay Tonton Sam. Sonje li te plede koupab devan lajistis amerikèn sou sa yo t […]Lire plus...
Nan yon nòt, Ministè Sekirite Enteryè mande tout migran ki antre kay Tonton Sam debouye yo konplete sètifika medikal yo. Atestasyon sa dwe gen ladan yo tès depistaj tibèkiloz, vaksen kont kowona ak polyo. Migran sa yo dwe chache jere sa si toutfwa yo pat ko fè l Ayiti. Apati 2 lane, tout benefisyè dwe […]Lire plus...
Tout moun ki ta dwe sòti Pòtoprens pou ale nan kèlkeswa vil pwovens lan, si w pa gen lajan meriken pou pran avyon, ou oblije ret chita paske gen anpil risk pou pèdi lavi w anba men zèfèyis yo. Gen yon ti sanzave ki rele “Bout ba”, se sèl kòk chante nan Maryani dènye tan […]Lire plus...
Se vre ansyen senatè eli depatman Grandans lan debake nan peyi d Ayiti aprè pliske 6 lane nan prizon Etazini, otorite polisyè yo nan peyi d Ayiti pa deside libere l. Aprè depòtasyon an, DCPJ te kenbe l pou poze l kesyon men li pa libere. Youn nan akizasyon li gen sou do l se […]Lire plus...
Ajan DEA debake an Ayiti ansanm ak Guy Philippe abò yon avyon imigrasyon ansanm ak 10 lòt moun yo depòte tou daprè jounal Miami Herald. Se vè 10è ansyen chèf rebèl 2004 la debake an Ayiti. Pou kouwè l ye la a, li nan DCPJ pou kèk swivi jidisyè. Guy Philippe gen kèk tan depi […]Lire plus...
Selon deklarasyon Assad Volcy, se Ariel Henry ki pase komisè gouvènman Pòtoprens lan lòd pou libere Stéphanie Mondestin paske l pat dakò jan arestayon an te fèt la. Nan entèvansyon li an, li fè konnen premye minis la pa vle pote non “pèsekitè politik” sitou madanm nan se moun pa Claude Joseph. “Yo pat libere […]Lire plus...
Se Claude Joseph li menm ki anonse nouvèl la sou kont X li pou l fè konnen jij Walther Wesser Voltaire k ap enstwi dosye asasina defen prezidan Jovenel Moïse la envite l nan biwo l. Jij la deside tande ansyen Premye minis Jovenel Moïse la pou l vin bay enfòmasyon anplis sou sa l […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com