BLTS ak ajan dwanye Katye Moren yo sezi jedi kite 23 novanm nan yon kantite 5 kès katouch ki repati konsa: 3 bwat kalib 12 e yo chak gen 25 grenn epi 2 bwat kalib 9mm mak Winchester ak Lugger e yo chak gen 50 grenn. Nan kad operasyon sa a, Lapolis arete Pierre Louis […]Lire plus...
Youn nan Inivèsite k ap rele anmwey nan peyi a la a se Kiskeya. Daprè responsab yo, sal ki te konn ant 80 a 100 etidyan desann nan yon trantèn anviwon. Sa ki lage yo nan gwo difikilte ekonomik, konsa yo anonse yo anvizaje fèmen pou yon ti bout tan. Gen anpil lòt sant inivèsitè […]Lire plus...
Le “Grand Premier ministre Haïtien”, Ariel Henry kite Ayiti jounen jedi 23 novanm 2023 a kote li mete tèt pou peyi Sirinam. Ariel Henry al patisipe nan 48e anivèsè endepandans peyi sa a. Ariel tèlman jwenn baryè lib devan l, kounye a li pran peyi a tankou chanm lakay li tèlman l deside fè sa […]Lire plus...
Lapolis arete Stéphanie Mondestin, pwòch ansyen premye minis Claude Joseph ki te Direktris Jeneral Adjwen nan ONA. Se nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti yo fouke alòske l t ap tante rann li an Repiblik Dominikèn men se an Ewop li ta pral kache daprè dokiman ki nan men l. Stéphanie Mondestin te gen envitasyon Pakè […]Lire plus...
Ansyen minis Jistis sou Jovenel Moïse la, Rock Feller Vincent chape poul li. Minis la mande pou jij Walther tande l pa vizyokonferans pito. Daprè avoka l ki se Emmanuel Jeanty, Rock Feller Vincent pa santi l konfòtab pou l vin nan peyi ki gen tout bandi sa yo ladan l paske lavi l ka […]Lire plus...
Aprè sòti rapò ULCC a, komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume kòmanse envite moun. 27 novanm, Jemley Jean-Baptiste, Alfredo Antoine ak lòt moun ki gen yon site nan rapò ONA Pakè ap tann yo. Joseph Lambert, Garcia Delva, Hervé Fourcand gen randevou pou 1e desanm. Se anviwon 12 envitasyon Pakè a lanse. Daprè enfòmasyon […]Lire plus...
Jhon Peter Fleronvil, manm gang ki rele Kokorat san ras la pa nan prizon an Ayiti ankò. Lajistis nan peyi Etazini vin pran mouche ayè lendi 20 novanm nan paske l te patisipe nan anlèvman yon sitwayen ameriken. Daprè yon sous nou ka fè konfyans, gen posiblite pou 2 moun ki site nan lanmò Jovenel […]Lire plus...
Anpil angajman fizik, anpil kout pye ak kout pwen, se yon match gason pa kanpe ki te jwe ant seleksyon Brezil la ak Ajantin. Yon grenn gòl a zewo, se konsa match sa a fini an favè ajanten yo ki kontinye kenbe tèt klasman an nan faz eliminatwa Mondyal 2026 la. Brezil fini match la […]Lire plus...
Depatman d Eta ameriken, nan yon nòt li pibliye anonse li koupe viza tout moun k ap òganize vòl pou ale Nikaragwa yo. Mezi sa yo konsène kèk wo fonksyonè ak pwopriyetè ki te konn antre nan lojik pou ede moun ale Nikaragwa yo. Mezi politik sa a adopte madi 21 novanm 2023. Nou pase […]Lire plus...
Nan estad Maracana a, kote seleksyon brezilyèn nan ap resevwa Ajantin, te gen gwo batay ant fanatik 2 peyi yo. Se Lapolis ki te entèvni pou mete yon ti kalm nan dife ki te genyen yo. Tout jwè Ajantin yo te blije kite tèren an pou al konsète ak estaf teknik la. Toujou gen gwo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com