Konsila Jeneral Ayiti ki Santiago, an Repiblik Dominikèn raple tout ayisyen ki an difikilte sou tèritwa dominiken an kapab retounen Ayiti depi yo vle. Konsila a fè konnen gen bis ki disponib pou transpòte moun sa yo e yo bay 2 nimewo pou kontake konsila a pou yo ka konnen kòman sa ap fèt. Nimewo sa yo se: +1 809 671 45 26 ak +1 809 582 54 57. Kominike sa a parèt ayè samdi 3 me 2025 lan.
Malgre sa, gen moun sou rezo a k ap plenyen pou di sèvis la pa kòrèk jan y ap di l la.