Redaktè Jounal

Devan imigrasyon pa gen kote pou pike zepeng

Depi aprè prezidan Joe Biden fin deklare l ap resevwa 30 mil migran chak mwa a, devan sèvis imigrasyon ak emigrasyon nan peyi Dayiti se wololoy. Anpil moun desann sou Lali a pou jere zafè paspò yo paske yo vle tante chans yo. Chif yo ogmante konparativman ak jan sa te konn ye avan. Plis […]Lire plus...

Joseph Lambert manke kite po l sou Bisantnè a

Ansyen prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert manke mouri aprè nèg ak zam fin simen katouch sou machin li nan kapital la jodi dimanch 8 janvye 2023. Daprè premye enfòmasyon yo, senatè Sidès la resevwa katouch e se lopital li ye l ap pran swen. Ansyen senatè a t ap mouri yon jou aprè manda […]Lire plus...

Moun Dezam fè Lapolis kado 2 dwòn pou konbat bandi

Sosyete Sivil nan komin Dezam fè Sou-komisarya a kado 2 dwòn pou konbat bandi nan ba Latibonit la. Desizyon sa a vini aprè wo kòmandman an fin inorige Sou-komisarya sila a ki te pase 13 lane san polisye ladan l. Direktè Depatmantal polis Latibonit la ki te prezan nan seremoni inorigasyon an felisite abitan nan […]Lire plus...

Etazini pare pou akeyi 30 mil migran chak nwa

Nan diskou li t ap pwononse jounen jedi a sou dosye fwontyè Meksik ak Etazini e sou menm dosye migran yo, prezidan Joe Biden deklare atravè yon pwogram imanitè, y ap resevwa 30 mil migran ki sòti Ayiti, Kiba, Nigaragwa ak Venezyela chak mwa. Nan menm moman an, li fè konnen tout moun k ap […]Lire plus...

Etazini pral rekòmanse achte petwòl lakay Venezyela

Aprè 3 lane depi l te mete anbago sou petwòl venezyelyen an, peyi Etazini, atravè konpayi Chevron pral rekòmanse achte petwòl kay Nicolás Maduro. Nan mwa janvye sa a, Tonton Sam prevwa enpòte 500 000 barik gaz daprè sa Radyo Frans Entènasyonal rapòte. Konfli ant 2 peyi sa yo ta pral pran yon lòt nivo […]Lire plus...

Contact Us