Redaktè Jounal

Chèf gang 400 egare nan Mayisad anba kòd

Mondestin Augustin se non prensipal chèf gang k ap dirije baz 400 egare nan komin Mayisad. Lapolis arete l dimanch 1e janvye 2023 a nan komin Sen Rafayèl. Dezyèm chèf baz sa a se Guersly aprèsa gen Widnal, Kervenson, DJ Cherwing ak Bebeto kòm toutè. Mesye gen ti fanm yo tou daprè Lapolis ki site […]Lire plus...

Pakè Pòtoprens entèdi pastè Armel Lafleur kite peyi a

Paske li t ap fè jès ti zonnay sou pwòp pitit fi l an piblik, pastè Legliz « Porte Étroite » la te jwenn envitasyon pakè Pòtoprens, envitasyon li boude jodi mèkredi a. An menm tan, mèt Jacques Lafontant ekri sèvis imigrasyon pou entèdi pastè a kite peyi a pa vwa tèrès, maritim oubyen ayeryèn jiska nouvèl […]Lire plus...

Lapolis manyen manm yon bra dwat Ti Makak

Maçon Silencieux se non yon bandi ki t ap opere nan gang Ti Makak la Lapolis rive retire lavi l. Zak sa pase jounen madi 3 janvye a pandan Lapolis t ap tire ak mesye yo. Maçon Silencieux te konn fè kidnaping nan Laboul ak Tomasen. Gen 3 lòt bandi ki tonbe nan menm atak […]Lire plus...

Tak o tak ant Lapolis ak bandi nan Tomasen

Yon sivil ame tonbe anba pandan anpil kout zam chante nan Tomasen 32, 40 ak Tomasen 48 aprè midi madi 3 janvye 2023 a ant Lapolis ak bandi ki fè pati gwoup gang Ti Makak la. Daprè enfòmasyon abitan nan zòn nan ak kèk pasan konfye ak nou se yon alèt ki te lanse sou […]Lire plus...

PNH la fè yon bèl kout filè jounen 1e janvye

Wildano Lestere, Estiven Alix, Roméus Thierry Max Dany, Emmanuel Tilen ak Durosiers Kimberly se non 5 endividi sa yo Lapolis arete dimanch premye janvye 2023 a. Mesyedam sa yo fè pati gwoup gang ki rele « 2,5,7 » k ap opere nan mòn Laza nan komin Petyonvil. Baz sa a gen abitid tire sou manifestasyon lè y […]Lire plus...

Pap Benoît XVI vole pou letènite

Joseph Ratzinger anbrase lanmò maten samdi 31 desanm 2022 a ak 95 rekòt kafe sou tèt li daprè sa Vatikan anonse. Pontif la te renonse ak chaj li pou rezon sante depi an 2013 aprè 8 lane kote l t ap dirije Legliz Katolik womèn nan. Fineray li ap chante jedi 5 janvye 2023 a […]Lire plus...

Contact Us