Redaktè Jounal

Lapolis libere 4 otaj nan Ba Latibonit

Polis Nasyonal la anonse gras ak sipò UDMO ak bakòp nan Senmak, yo rive libere 4 moun bandi te anlve nan Dig, yon lokalite nan komin Lyankou 10 janvye pase a. Viktim yo te nan wout pou ale depoze yon lajan Labank lè sa rive a. Daprè Lapolis fanmi moun sa yo ta nan konplo […]Lire plus...

Akò 21 desanm nan pibliye nan Monitè

Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak eleksyon transparent ki te jwenn sinyati 21 desanm 2022 a nan tèt kole ant Ariel Henry ak reprezantan kèk sektè nan peyi a pibliye ofisyèlman nan jounal ofisyèl peyi a ki se « Le Moniteur ». Se nan yon nimewo ki parèt 3 janvye 2023 a li pibliye. Kèk pati […]Lire plus...

Gen Ayisyen ki gentan benefisye nan espesyal Biden nan

Plizyè grenn Ayisyen gentan jwenn chans pran avyon pou ale kay Tonton Sam nan kad pwogram imanitè prezidan Biden te anonse a. Daprè sa avoka nan zafè Dwa Imigrasyon Tammy Rae rapòte bay Juno7, jounen mèkredi 11 janvye 2023 a, Depatman Sekirite Enteryè Etazini deja livre pèmi vwayaj bay kèk konpatriyòt ayisyen. Pwogram sa a […]Lire plus...

Bandi mete Dlo nan je moun Kafou Fèy

Kat moun mouri pami yo 2 polisye aprè midi madi 10 janvye a nan Kafou Fèy egzateman nan kafou Legliz Wesleyenne ak Avni Maglwa Anbwaz. Se nèg ak zam ki touye moun sa yo daprè enfòmasyon nou rive jwenn. Idantite moun sa yo pako revele men gen yon biznismann pami viktim yo. 2 polisye yo […]Lire plus...

Madanm Mikaben kase met nan men Ticket Magazine

Vanessa Fanfan Benjamin ki se madanm defen Michael Benjamin pa jwenn mo pou l kritike Ticket Magazine ki poste lanmò mari l kòm « Tragédie de l’année ». Nan yon pòs li fè sou Instagram vèv la ekri « se degoutan e menm mechan ». Li ajoute pou l di li etone pou tout sa mari l fè pou […]Lire plus...

Pastè Armel Lafleur ale devan Pakè jodi a

Alòske li te koupe premye envitasyon komisè gouvènman an te fè l la kout je, jodi madi 10 janvye a, pastè Lafleur desann Pakè pou al reponn kesyon sou sa yo kritike l yo. Nan moman an, lidè Legliz « Porte Étroite » la nan kazye mèt Jacques Lafontant. Pastè Lafleur jwenn repwòch akoz ki t ap […]Lire plus...

Contact Us