Redaktè Jounal

Biden lanse yon lot pwogram pou akeyi refijye

Depatman d Eta ameriken anonse jodi a yon nouvo pwogram refijye ki rele « Welcome Corps ». Atravè pwogram sa a, prezidan Joe Biden vle akeyi 125 000 refijye pou antre Etazini pandan ane 2023 a. Nan kad pwogram sa a, se sitwayen ameriken ki kapab met ansanm pou akeyi moun sa yo. Pou premye ane a, […]Lire plus...

Bandi pote ale yon direkris lekòl nan Pèleren

Kansè kidnaping nan kontinye ap jwe nan peyi a. Martine Fouchard Ledan ki se direktris enstitisyon Denise Fouchard viktim zak kidnaping yè madi 17 janvye a nan maten. Se sou wout Pèleren an malfra yo leve madanm nan alòske l te sou wout pou ale nan travay li. Ravisè yo egzije gwo mago lajan pou […]Lire plus...

Konsila ameriken reprann sèvis viza l yo Ayiti

Aprè plizyè semèn depi yo te kanpe pou rezon ensekirite ak mouvman peyi lòk la, konsila ameriken nan peyi Dayiti a anonse yo reprann sèvis viza regilye li yo nan kòmansman mwa janvye a. Responsab yo redemare ak sèvis tretman demand renouvèlman viza yo tou. Sa gen kèk jou depi aktivite yo te fè yon […]Lire plus...

Panama bouskile 8 ayisyen pou fo viza

Sèvis Nasyonal Migrasyon peyi Panama anonse yo voye 8 konpatriyòt ayisyen retounen nan peyi Dayiti akoz yo prezante fo viza nan ayewopò entènasyonal Tocumen. Daprè kominike sa a, moun sa yo te sòti Repiblik Dominikèn e yo t ap pase pa Panama pou ale Salvador. San patipri, Panama voye yo retounen lendi 16 janvye pase […]Lire plus...

30 jij pèdi pòs yo akoz yo nan move zafè

Pami jij sa yo CSPJ pa remèt sètifika pou kontinye travay gen Jacques Lafontant ki se komisè gouvènman, Brédy Fabien, Gary Orélien, Ikenson Edumé, Yvon Jean-Noel, Ramoncite Accimé, Macénat Desmornes ki li menm nan Gresye pou n site sa yo ase. CSPJ fè konnen jij sa yo nan kòripsyon, abi otorite, anrichisman nan move kondisyon […]Lire plus...

Direktè CONATEL la pral pran yon ti repo etènèl

Léon Jean-Marie Guillaume, direktè CONATEL la vale dlo bouch li nan yon lopital nan peyi Etazini kote l t ap resevwa swen. Direktè a vole jounen lendi 16 janvye a. Li tap soufri ak yon kansè ki te nan stad avanse, ki voye sitwayen an ale. Anpil gwo chabrak tonbe akoz aksidan vaskilè serebral an […]Lire plus...

Contact Us