Etazini konfime jounen mèkredi 7 janvye 2026 la, li sezi yon paviyon ris nan Atlantik Nò a ki rele Bella-1. Bato sa a akize kòmwa l ap transpòte gaz ki sòti Venezyela ilegalman. Selon lajistis amerikèn, petwolye sa a sezi avèk yon manda federal gras ak sipò gad kot yo epi fòs maritim amerikèn yo. […]Lire plus...
Pandan Trump te nan Air Force One nan, li deklare sa ki pase Venezyela a kapab pase tou nan plizyè lòt peyi tankou Kolonbi. Gustavo Petro deklare li gen lontan li pa manyen zam, depi Trump deside menase l, l ap pran zam pou defann peyi l. Li ajoute li pa nan dwòg, li pa […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti nan tèt kole ak Taks fòs la kontinye frape Bèlè ak Dèlma 4 an menm tan. Jounen madi 6 janvye 2026 la, anpil zèfèyis bwè dlo bouch yo e genyen ki kouri kite zam yo atè. Gen plizyè machin fòs lòd yo sezi tou ki te nan men kriminèl yo nan […]Lire plus...
Pandan kòmansman ane sa a, 3 janvye 2026, yon konplo manniganse pou koupe tèt Ibrahim TraorĂ© sou pouvwa a. Se te yon gwo bra nan lame a, pwòch TraorĂ© ki te responsab pou pran kontwòl tout dwòn ak lòt materyèl lame a epi ranvèse prezidan an. Kou a rate, Damiba te arete menm jou a […]Lire plus...
Operasyon fòs spesyal Ameriken fè 3 janvye 2026 nan peyi Venezyela la a lakoz anviwon 80 sivil ak militè pèdi lavi yo, selon minis defans venezyelyen an, majorite se sekirite prezidan an yo te ye. Peyi Kiba gen anviwon 32 ajan ki t ap sekirize prezidan Maduro ki mouri tou. Karakas te pase yon move […]Lire plus...
Byen eskòte devan kou dèyè ak plizyè ajan DEA, Nicolas Maduro ak tout madanm li ki abiye menm jan prezante devan jij maten lendi 5 janvye 2025 lan, 2 jou aprè anlèvman yo nan peyi Venezyela. Se jodi a yo pral prezante chèf Leta a dokiman ki gen chaj kont li yo. Se yon dokiman […]Lire plus...
Venezyela se youn nan peyi nan rejyon an ki gen bon jan relasyon ak Ayiti, si n raple n sa yo te fè pou peyi a atravè Petro Caribe. Aprè arestasyon ansyen Prezidan Nicolas Maduro a blofè ki nan KPT yo bèbè. Kantan pou ti moy ki toujou ap di li se alye Maduro, jiskaprezan […]Lire plus...
“Nou paka kite patizan pa l yo pran pouvwa a pou yo kontinye dirije sou menm liy li an” se sa dirijan ameriken an deklare nan yon konferans pou laprès maten an. Donald Trump anonse se Etazini k ap gen kontwòl politik peyi a. Li anonse yo pral kòmanse antre ak plizyè konpayi pou eksplwate […]Lire plus...
Operasyon sa a ki mennen an, se yon inite elit ameriken yo souvan rele “Delta Force” nan tèt kole ak DEA ki debake Karacas epi mete men sou prezidan Nicolás Maduro ansanm ak madanm li maten samdi 3 janvye 2026 la. Donald Trump t ap swiv operasyon sa a an dirèk selon plizyè medya men […]Lire plus...
Plizyè atak ameriken fèt kont peyi Venezyela nan sware 2 pou bout 3 janvye 2026 lan. Atak sa yo ki fè anpil dega debouche sou anlèvman prezidan Maduro ak tout madanm li, selon plizyè medya entènasyonal. Aprè atak sa yo, prezidan Trump kouri pran laprès e anonse yon operasyon a siksè kont Repiblik Bolivaryèn nan. […]Lire plus...
