Ansyen depite Arnel Bélizaire pase premye nwit li nan prizon sivil Jakmèl la. Aprè plizyè tantativ ki fèt pou te gen yon pase men nan dosye a, anyen pa mache, dosye a ap swiv wout li devan lajistis. Se ayè mèkredi 7 me a yo transfere l nan prizon an akoz li te bat Gabrielle Dougé, yon machann ki t ap vann devan otèl li te ye nan vil la.
Arnel Bélizaire toujou ap afiche konpòtman delekan malgre l te gen yon estati òm d Eta.