Mare kou krab, ansyen direktè Gamal Augustin ki te piye Televizyon Nasyonal d Ayiti transfere nan pakè Pòtoprens aprè anketè ULCC yo te fin tande l nan kad dosye ki enplike bwat sa a. Detounman byen piblik, abi fonksyon, fo ekriti piblik pou n site sa yo ase, se kèk nan akizasyon ki peze lou sou do Gamal Augustin.
Komisè gouvènman Patterson Dorval ap tande blofè a kounye a nan pakè.




















