Daprè jounalis James Pierre, ki ap swiv odyans lan nan tribinal federal Miami a, Jomarlie Moïse deklare li te jwenn manman li, Martine Moïse, chita sou yon chèz apre atak ki te touye Jovenel Moïse la. Daprè sa James Pierre rapòte, deklarasyon Jomarlie a diferan ak sa Martine Moïse te rakonte sou moman atak la. Ansyen Premyè Dam nan te deklare li te kouche atè aprè li te pran bal pandan mesye ame yo t ap atake rezidans lan.
Diferans sa a parèt pandan temwayaj fanmi Jovenel Moïse yo nan pwosè federal Christian Emmanuel Sanon an, k ap dewoule nan Miami.













