Komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin enskri an liy jounen mèkredi 30 septam 2026 la kòm kandida pou prezidan. Se anba banyè Fòs Chanjman Nasyonal (FCN) li poze kandida. Jan anpil moun te swete sa a, komisè pase ak laksyon.
Si se vre ap gen eleksyon nan peyi a, posiblite pou anpil moun kontre komisè a divès kote nan kanpay.













