Malgre anpil diskou rasis ak bòykotaj “C’était ça ou mourir”, dènye woman Thélisson Orélien an ap vale tèren nan peyi Lafrans an patikilye. Nan divès kote nan peyi sa a, non sèlman demand yo anpil men liv la prèske pa disponib tèlman gen moun ki vle achte. Depi aprè yo fin di liv la se entèlijans atifisyèl ki ekri l la, “C’était ça ou mourir” rete prensipal aktyalite nan moman an sou entènèt la e ekriven an jwenn bourad anpil moun atravè mond la.
Selon anpil obsèvatè ak kritik, li parèt enposib pou se yon IA ki ekri liv sa a paske kontni an pa montre sa.













