Nan kad pwosè federal Ozetazini sou asasina ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse, avoka gouvènman ameriken an site BSAP, G-9 ak Fantom 509 kòm gwoup ame ki, dapre akizasyon pwokirè yo, te gen pou ede Christian Emmanuel Sanon ak akolit li yo mete an aplikasyon plan yo te prepare kont ansyen prezidan an. Daprè sa avoka gouvènman an prezante devan tribinal la, plizyè gwoup ak aktè ame ann Ayiti te konsidere nan kad plan an. Pami non yo site yo genyen Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, ki te asosye ak G-9.
Dosye a mete aksan sou relasyon ak kontak ki te egziste ant diferan aktè yo pandan peryòd kote Sanon ak lòt moun t ap chèche jwenn sipò pou pwojè yo a.













