Ansyen depite Dèlma/Taba a ki toujou nan demele ak lajistis ayisyèn jwenn yon lòt konvokasyon jounen vandredi 4 septanm 2026 la pou l al reponn kesyon nan pakè a lendi 7 septanm 2026 a 1è nan laprè midi. Mèt Jean Fritz Peterson Dorval konvoke Arnel Bélizaire poutèt li te òganize epi patisipe nan yon manifestasyon nan menm jounen vandredi sa a. Selon sa ki ekri nan konvokasyon an, komisè gouvènman an di Arnel Bélizaire ap twouble lapè piblik.
Arnel Bélizaire dwe al bay eksplikasyon poutèt li te nan manifestasyon sila a.















