Sonson, yon ansyen benefisyè Fondasyon Frè Luckson Zòn Pa Fè Moun, ta rejwenn gwoup teworis Kanaran an kote Jeff Gwo Lwa ap dirije. Sonson te pase plizyè mwa nan sant Dakèy la, kote li te resevwa akonpayman, jwenn yon nouvo opòtinite, vwayaje Bahamas epi kòmanse devlope tèt li kòm atis. Men jodi a, li ta chwazi retounen nan yon anviwònman vyolans ak zam.
Sitiyasyon sa a relanse deba sou difikilte reyentegrasyon jèn yo, menm lè yo benefisye sipò ak plizyè opòtinite pou chanje lavi yo.













