Lapolis anonse arestasyon Nicolas Eddy, yon prezime bandi 35 an, nan lokalite Bè Zoranj, nan komin Bèlans, depatman Sidès. Daprè otorite yo, Eddy te deja nan prizon anvan men li te rive chape nan mwa mas 2024. Aprè evazyon li, li ta pase plizyè jou nan yon baz gang nan Vilaj de Dye, anvan li te pran direksyon Kenskòf pou retounen nan Segen.
Non sispèk la ta parèt tou nan yon dosye ki gen rapò ak yon atak ki te fèt sou Sou-komisarya Segen an nan mwa avril 2026.





















