Lapolis poze lapat sou yon bra dwat Nenel Cassy
Michel Jeana alyas Chamo, jwenn arestasyon l jounen mèkredi 19 dawout la nan komin Dèlma. Se Lapolis ki fouke misye nan yon machin Prado koulè blanch, plak DG-000 42. Selon enfòmasyon ki disponib, komisè Muscadin t ap bouske misye lontan pou relasyon l ak gang. Li konn fè anpil move zak nan depatman Nip la sitou nan zòn chalon, Savann Wès jiska Deriso.
Annatandan Lapolis bay plis detay sou arestasyon an, yo jwenn misye ak yon gwo zam manch long nan machin nan epi lòt materyèl ankò.





















