Stéphanie Dorsainvil touye pwòp pitit li Lyncé Raïtza Dominique ak kout kouto ayè lendi 18 out la nan aswè. Ti pitit la gen 9 lane e selon enfòmasyon yo li ta pral fè 5e ane fondamantal. Nan yon lèt Stéphanie ekri, li di se move kondisyon lavi, estrès, lekòl pral ouvè, li pa wè sa pou l fè ki fè l touye pitit la e li menm tou, li t ap tante retire lavi l ak yon ponya.
Pou kounye a, dam sa a ap pran swen lopital. Se moun nan anviwònman li ki fè l pat gentan mete bout nan lavi l tou.





















