Plis pase 15 sitwayen ayisyen ki ilegal te twouve yo nan sitiyasyon difisil akoz machin ki t ap mennen yo ale a te pran dife nan zòn Santiago de la Cruz, nan pwovens Dajabón, Repiblik Dominikèn wikenn pase a. Daprè Diario Libre, lè dife a te kòmanse pran nan machin nan, chofè a ak pasaje yo te soti prese epi yo te kouri kite zòn nan. Jiska moman medya a te pibliye enfòmasyon an, pa t gen konfimasyon sou moun ki ta blese.
Ponpye Dajabón, Pwoteksyon Sivil ak Polis Nasyonal la te deplase sou plas pou kontwole dife a. Machin nan te tèlman boule, otorite yo pa t kapab idantifye imedyatman mak li, modèl li oswa plak li.





















