Nouvo lokal komisarya a nan komin Gresye sibi yon atak mèkredi 12 dawout la, nan yon kontèks tansyon kote kriminèl yo ak fòs lòd yo te livre plizyè echanj kout zam. Selon enfòmasyon ki disponib yo, gang yo ta rive pran avantaj sou sitiyasyon an pou fè fòs lòd yo fè bak epi pran kontwòl espas la. Yo ta mete dife nan lokal komisarya a, sa ki lakòz gwo domaj materyèl.
Pou kounye a, pa gen enfòmasyon ofisyèl ki disponib sou kantite viktim oswa evalyasyon final sou domaj ki fèt nan komisarya a.













