Rezolisyon 2793 Nasyon Zini an kreye yon lòt fòs ki pral vin lite kont teworis yo nan peyi d Ayiti. Se Etazini ak Panama ki te fè pwopozisyon sa a kote yo te mande pou yon misyon 5 500 sòlda debake Ayiti pou yon dire 12 mwa. Gen 12 peyi nan konsèy Sekirite Nasyon Zini an ki vote pou, pa gen vòt kont epi Larisi ak Lachin pa vote. Nouvèl misyon sa a adopte jounen madi 30 septanm 2025 lan.
Rete pou konnen kilè nouvèl misyon sa a ap debake Ayiti.




















