Gaelle Juste, 25 lane, antre nan yon boutik souvni nan Kissimmee, Eta Florid, li pran yon asyèt e li sòti san l pa peye jou ki te 21 septanm 2025 lan. Kesye a mande l vin peye li di asyèt sa a se yon kado paske se nan yon boutik souvni l pran l epi li sòti. Selon enfòmasyon yo, kesye a di asyèt la vo $11.99. Lapolis debake fouke manzè poutèt sa, y ap depòte l.
Gaelle pral depòte pou 2 rezon, vòl yon asyèt epi paske l te fè tèt rèd ak lapolis.




















