Gen 675 milyon goud ki sòti nan kès Leta pou reyabilite plizyè sit istorik nan peyi a, sitou Okap, selon FJKL. Lajan sa a se ISPAN ki te dwe jere l, ebyen majorite kòb la ale sou kat debi plizyè otorite nan peyi a, pami yo, Patrick Délatour ki se minis Kilti ak Kominikasyon. Direktè ISPAN ki se Jean Patrick Durandis pran gwo moso nan lajan sa a tou, toujou selon rapò a.
FJKL mande ULCC pou l louvri yon ankèt prese prese sou dosye sa a.




















