Selon DG PNH la, Ti Will tonbe pandan lapolis t ap egzekite yon manda epi te gen echanj kout bal ak polisye ki te sou plas yo. Li rekonèt aprè lanmò a gen derapaj nan vil la, sitou Raboto men deklare yo gen kontwòl sitiyasyon an. Gen lòt vèsyon ki modifye deklarasyon DG a selon anpil temwanyaj.
Dosye lanmò Ti Will la lage gwo konfizyon nan mitan otorite polisyè yo.




















