Lapolis nan Orlando arete epi remèt bay ICE, Wanderline Louidor moun konnen sou non Bianca Beauty. Manmzèl te mete yon GPS Tracker sou papa pitit li ki se David Hyppolite. L al swiv misye jis nan yon otèl ak yon lòt fanm epi Bianca bat Hyppolite byen bat. Lè Lapolis fin arete l, yo jwenn papye imigrasyon l pa bon donk avan lontan, y ap retounen l nan peyi d Ayiti.
Pou kounye a, Wanderline nan prizon nan Baker County kote l ap tann pwosè legal yo pou yo mete l sou lis depòtasyon.




















