Wilfort Ferdinand, alyas Ti Will, ansyen chèf Fwon Rezistans yo nan lane 2004 tonbe anba bal nan komin Gonayiv pandan jounen madi 16 septanm 2025 lan. Ti Will te gen yon jenn gason ki akonpanye l ki mouri tou selon medya lokal yo. Ti Will te nan prizon pou krim li te fè nan peyi a men Martelly te fè l gras lè l te prezidan.
Ti Will te jwe yon gwo wòl pou chavire Aristide nan lane 2004.




















