Nan moman kote Ayiti ap jere yon kriz imanitè san parèy, òganizasyon Nasyon Zini debloke 9 milyon dola pou soutni peyi a. Lajan sa a dwe al satisfè bezwen moun ki majinalize, sitou sa k ap trimen nan abri pwovizwa yo e pou jere kriz grangou a nan sosyete ayisyèn nan.
Rete pou konnen èske kòb sa a ap rive jwenn vrè moun ki nan nesesite yo.




















