5 moun deja pèdi lavi yo nan depatman Grandans, pami yo gen Mackenzy ki mouri sou plas, Litherné Raymond 27 lane, Jackson Doll 25 lane al mouri sou kabann Lopital pandan gen plizyè lòt ki blese daprè enfòmasyon medya nan Grandans yo bay. Dram sa rive byen bonè maten an aprè patizan pouvwa an plas la tap tande atake patizan Guy Phillipe nan vil la.
Se pa sĆØlman Jeremi ki gen pwotestayon jounen lendi sa a, nan vil Okay, Kanperen, MiragwĆ n, Wanament pou n site sa yo ase, popilasyon an kontinye mande Ariel Henry kite pouvwa a.