Otorite nan Bahamas ak Turks and Caicos entèsepte yon total 317 migran ayisyen ki t ap vwayaje sou lanmè abò 2 bato nan objektif pou antre ilegalman sou teritwa sa yo. Nan Turks and Caicos, 171 Ayisyen te entèsepte nan zòn Northwest Point, Providenciales. Otorite maritim yo pran kontwòl bato a epi mete migran yo anba responsabilite sèvis ki konsène yo. Nan Bahamas, yon lòt bato ki te gen 146 migran ayisyen abò te entèsepte nan zòn Great Inagua. Gad Kòt Etazini te patisipe nan operasyon an ansanm ak otorite maritim bahamyen yo.
Entèsepsyon sa yo fèt nan yon moman kote peyi ak teritwa nan Karayib la ap ranfòse kontwòl sou lanmè yo pou limite mouvman bato ki transpòte migran san otorizasyon.













