Sogebank retounen nan yon lòt gwo eskandal aprè yon kliyan anonse li pèdi 13 mil dola sou kont li. Sitwayen Gama Gamall Francillon fè konnen li remake kòb ap sòti sou kont m li e malgre li sinyale bank lan sa, gen kòb ki kontinye sòti san se pa li ki fè retrè a. Prezime viktim nan te deplase ale nan yon sikisal bank lan ak jij depè pou fè konsta pwoblèm sa a li ap fè fas la.
Jiskaprezan, Sogebank poko janm pran pozisyon ofisyèl sou akizasyon sa a men n ap raple se trè souvan bank sa a tonbe nan eskonbrit ak kliyantèl li a.













