Antreprenè Marcus Boereau lanse yon pwojè Imobilye nan Punta Cana, an Repiblik Dominikèn. Pwojè a rele TAMAN e li pral pèmèt gen 144 apatman estanda ki konstwi nan zòn La Rinconada a. Marcus Boereau pwomèt pou transfòme peyizaj rezidansyèl zòn ki rele La Rinconada a. Se yon antrepriz dominikèn ki rele Verges & Asociados (VAC) ki pral jere pwojè sa a.
Evestisè a fè apèl ak anpil lòt envestisè parèy li ak otorite lokal yo pou atenn objektif sa a ki pral koute 30 milyon dola.