Lapolis nan vil Wanament sezi anviwon 6 zam kalib 9 milimèt nan kad plizyè tchèk pwent ki te fèt nan vil la yè madi 13 oktòb 2026 la daprè jounalis Guiometre Widelin. Operasyon kontwòl sa yo antre nan kad efò lapolis pou ranfòse sekirite epi konbat sikilasyon ilegal zam nan zòn nan. Pou kounye a enfòmasyon ki disponib yo pa bay plis presizyon sou detay entèvansyon lapolis la ni sou lòt mezi ki te pran nan kad operasyon sa yo.
Nap raple depi 5 septanm pase a otorite lokal yo, ansanm ak delegasyon depatmantal la, Pakè a ak Lapolis, mete an aplikasyon yon mezi ki entèdi moun sikile ak zam afe nan lari a.













