Plizyè jèn gason nan vil Wanament ap fè pale de yo aprè difizyon videyo kote yo parèt ap manyen dèyè jèn fi k ap sot lekòl, pandan y ap filme aksyon yo epi prezante yo kòm yon prank. Pratik sa a reprezante yon konpòtman ki derespekte diyite jèn fi yo epi ki soulve enkyetid sou sekirite yo nan espas piblik. Prezante yon zak konsa kòm yon blag pa retire gravite li, sitou lè kontak fizik la fèt san konsantman moun ki sibi l.
Nan yon sosyete kote pwoteksyon timoun ak jèn fi ta dwe yon priyorite, sitiyasyon sa a mete aksan sou nesesite pou ranfòse sansibilizasyon, prevansyon ak pwoteksyon elèv yo.













