Se vre gen plizyè bandi ki rete atè jounen vandredi 6 desanm 2024 la pandan afwontman ant gang yo ak lapolis men sa pa anpeche fòs lòd yo viktim. Vanel Valminord se non yon sòlda Fòs Lame d Ayiti ki mouri epi gen yon ajan UDMO ki li menm al mouri lopital daprè kèk temwen. Afwontman sa yo te lakoz tout aktivite bloke e menm lekòl te blije voye elèv yo ale avan lè.
Bandi sa yo ki kache anndan Kriswa ak Nazon, se Dèlma yo bezwe anvayi kout ke kout.