Alòske gang Kraze Baryè a te pran pòz li fè silans, byen bonè maten jedi 24 avril la, yo refè sifas nan pati Lès komin Petyonvil, sou wout Frè a, nan enpas Grasyen. Nan echanj kout bal, 7 kriminèl tonbe e gen 4 ki te mouri sou plas anwizon 3 lòt yo al mouri sou yon tèren akoz yo te blese grav selon temwen ki t ap swiv sèn nan.
Pandan tout jounen an, sitiyasyon an te toujou rete konplike nan perimèt la.