Stéphane Vincent, ansyen direktè biwo imigrasyon ak emigrasyon sou Gouvènman Garry Conille an, gen detay pou l al bay lajistis sou lajan li gagote pandan li te direktè bwat sa a. ULCC mande pou Pakè chache yo paske yo detounen anpil lajan. Pandan dènye ane sa yo, anketè ULCC yo pwouve gen anpil dezòd ki fèt nan biwo imigrasyon yo, sitou sou adminisrasyon Stéphane Vincent an.
N ap raple malgre ULCC toujou ap mete pil rapò sa yo deyò, koupab yo pa janm arete vre.