Ranch Le Montcel, yon sit touristik prive nan komin Kenskòf ki sitiye nan zòn Belo, pase anba flanm dife jounen dimanch 6 avril 2025 lan. Sit sa a te konn resevwa plizyè milye moun chak ane e se yon espas ki te trè ekolojik. Pandan Lapolis ap ponmennen di yo gen kontwòl Kenskòf, gang yo menm ap plede fè dega.
Boule Le Montcel se mete sektè touristik la anreta pou plizyè lane nan peyi d Ayiti, sitou nan Kenskòf.