RFI mizik klase Darline Desca pami yon dizèn lòt atis ki fè mizik Afrobeat pou lane 2023 a. Tit yo chwazi a se mizik « Manyen m la » li chante avèk Kenny Ayiti « . Darline Desca devwale doub fas li a avèk Manyen m la li pataje avèk Kenny Ayiti », de sa RFI ekri kòm tit. Se yon bèl elan entènasyonal pou chantèz ayisyèn nan.
Darline Desca klase bò Victor Thompson & Ehis D Greatest, Tyla, Emma’a, Mia Guisse, Morijah, Davido & Musa Keys, RJ Kanierra, Santrinos Raphaël, Libianca, Ayra Starr, Paulo Chakal & Didi B ak enfin DJ Domi. Yo tout sou lis Afro Club, « Hit Platines » pou ane 2023 a sou RFI.