Plizyè katye nan vil Gonayiv, nan depatman Latibonit, ap fè fas ak gwo inondasyon aprè yon gwo lapli ki kòmanse tonbe depi anviwon 4è nan maten. Dlo anvayi plizyè zòn epi li mete plizyè fanmi nan difikilte, kèk ladan yo oblije kite kay yo akoz kantite dlo ki antre nan espas kote yo rete. Sitiyasyon an rive malgre vizit minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), Almathe Pierre Louis, te fè nan Site Endepandans lan pou evalye pwoblèm ki gen rapò ak drenaj ak kondisyon wout yo.
Inondasyon an toujou prezan nan plizyè zòn, sa ki ogmante enkyetid abitan yo pandan lapli a ap kontinye tonbe.













