Peyizan nan komin Abriko depatman Grandans gen plizyè jou depi y ap leve jwenn bèf yo blayi atè, tèt koupe. Selon enfòmasyon yon temwen pataje, lè moun yo leve maten, yo jwenn bèf yo blayi atè epi yo pa wè san bèf yo. Gen anviwon 12 bèf peyizan yo ki viktim de sitiyasyon sa a san yo pa konn kijan sa fè rive. Pandan moun yo ap kesyone deriv sa a, y ap mande sipò moun ki konsène pou ede yo ankete sou fenomèn sa a.
N ap raple yon grenn bèf jodi a koute gwo lajan e se kanè bank peyizan yo.













