Peyi Lespay foure pye l nan zafè Misyon Miltinasyonal Kenya ap dirije an Ayiti a. Lespay ap bay 2 ofisye men yo p ap vin travay Ayiti paske biwo yo se Washington l ap ye, nan kapital Etazini. Ofisye sa yo ap responsab pou bay konsiy lè gen operasyon sou tèren, selon enfòmasyon ki disponib.
Anpil moun sou entènèt la ap poze tèt yo kesyon pou mande si Ayiti se Washington li ye kounye a.