Nan plizyè toune Arly Larivière fè ak Nu Look dènye jou sa yo, se plizyè milye fanatik ak melomàn ki debake vin sipòte djaz la. Matinik, Gwadloup ak lòt peyi Nu Look pase nan kòmansman mwa me sa a, djaz la fè anpil dega san anpil animatè pa pale de sa. Se sou rezo yo Arly fè pwomosyon ni albòm nan ni pwogram li yo.
Albòm Just For You a kontinye ap fè chimen l jiskaprezan. Mizik yo nan bouch tout fanatik kote Arly al jwe.