Arly Larivière, mayestwo prensipal gwoup konpa sa a ki se Nu Look annonse sòti albòm li an ki gen pou tit « Just For You ». Albòm nan ap sòti apati premye desanm, lap gen 17 moso souli daprè mesaj gwoup la pataje. Nou kapab kòmanse plase kòmand yo depi Jodi a sou tout plafòm ki disponib pou sa yo.
Aprè anpil tan an ap tann, Arly Larivière deside gratifye fanatik Nu Look yo de sa yo t ap tann. Sonje l te bay yon ti goute ki gen pou tit « Mea-culpa ».