Nou Pap Dòmi anonse yon kanpay kont banalizasyon lavi an Ayiti

haitinewstv.com

Nou Pap Dòmi anonse yon kanpay kont banalizasyon lavi an Ayiti

Nou Pap dòmi anonse sosyete a an jeneral nan kad batay kont koripsyon ak enpinite andedan peyi a, pou lajistis sosyal, li deside lanse yon kanpay k ap kòmanse nan dat 20 oktòb pou denonse enpinite ak banalizasyon lavi nan peyi Dayiti.

Kanpay sila a fèt nan kad batay pou lavi, ki se batay pou kwape tout rejim bout di ak dirijan chaloska k ap trete ayisyen kou zannimo y ap mennen labatwa. Mòd pratik kolon sa yo ak kòmandè sa yo remonte depi nan tan lesklavaj.

Nan sans sa òganizasyon an rale yon bann chif pou montre valè moun ki mouri ki kidnape sou rejim PHTK a.

Sòti mwa janvye pou rive mwa dawout 2020, 944 moun mouri asasinen. 124 ka kidnapin konfime sòti premye janvye rive 31 dawout 2020. 287 moun maspinen, 42 mouri egzekite ak bal nan tèt nan manifestasyon kont PHTK, sòti 2018 pou rive 2019. 214 ti moun òfelen akoz masak ki fèt nan katye popilè yo. Nan 2 dènye lane yo 9 masak fèt sa ki koz 306 moun mouri, 56 lèzòt disparèt.

Sòti mwa dawout pou rive 20 oktòb 2020 an moun kontinye ap mouri pa bann ak pa pakèt andedan peyi a. Nan sans sa, Nou Pap dòmi envite tout moun pou kontinye eksprime endiyasyon yo devan konpòtman manfouben dirijan defakto ki la yo ki pa sansib menm devan kadav ti bebe.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Plizyè milye manifestan mete Lafrans tèt anba

Jilè jòn, travayè ki fristre, migran ki an difikilte melanje ak liseyen yo ki te nan lari depi plizyè semèn

Wilner Joseph vle memwa Dessalines sèvi kòm baz pou rebati

Nan okazyon 17 oktòb la, Wilner Joseph mete aksan sou nesesite pou Ayiti tire leson nan asasina Jean-Jacques Dessalines, yon

Gwo Mòn plis pase 10 mil moun kouri kite kay

Vyolans ame nan Gwo Mòn, nan depatman Latibonit, fòse 10 197 moun kite kay yo sòti 28 septanm pou rive

Jean-Jacques Dessalines: yon figi ki p ap janm efase nan

Ayiti ap komemore samdi 17 oktòb 2026 la, 220yèm anivèsè asasina Jean-Jacques Dessalines, youn nan pi gwo figi nan listwa

175.8 milyon dola pou ranfòse rezo entènèt nan Karayib la

Etazini anonse yon envestisman 175.8 milyon dola ameriken pou devlope ak ranfòse enfrastrikti kominikasyon dijital nan Karayib la ak Amerik

Contact Us