« CEO » se tit nouvo trak sa a jèn rapè ayisyen an, Wendy lage ayè madi a nan laprè midi. Nan anviwon 10 èdtan aprè videyo a fin sòti, pliske 1 milyon 200 mil moun gade a videyo a sou Youtube e gen pliske 30 mil kòmantè. Mizik sa a deja lage anpil konfizyon nan HMI la sitou lè Wendy lonje dwèt sou medya 1000 goud yo.
Chinwa yo gaye tout kote nan mond lan ki kontinye ap sipòte « Wendy traka ». Si pou yon kategori moun mizik la pa bon men gen pi fò ki kanpe rèd dèyè do atis al e felisite l.